ACE TA Center
Kliyan yo ki elijib pou yon Peryòd Enskripsyon Espesyal (Special Enrollment Period, SEP) kapab enskri nan yon nouvo plan asirans sante Marketplace. Oubyen, si yo enskri deja nan yon plan Marketplace, yo kapab chanje plan yo andeyò peryòd Enskripsyon Lib estanda a.
SEP yo deklanche akòz evènman enpòtan nan lavi, tankou:
- Demenaje pou ale nan yon lòt Eta
- Ou fè yon pitit
- Ou pèdi lòt pwoteksyon sante, tankou pèdi djòb ou
- Yon chanjman nan kalifikasyon ou pou Medicaid
- Sèten tip erè ki gendwa te rive pandan pwosesis aplikasyon an
Sa a se yon prezantasyon rapid evènman enpòtan lavi yo ak sikonstans espesyal yo ki gendwa kalifye pou yon SEP, ansanm ak enfòmasyon sou kisa pou yo fè si kliyan yo panse yo elijib.
Tanpri sonje enfòmasyon ki nan resous sa a reflete kontra asirans la nan dat piblikasyon an. Anjeneral, li pa t mete ajou pou reflete nenpòt chanjman ki rive apre dat piblikasyon an.
Part of Collection
Browse for More
Source
Resource Type
Language